Quantcast
Channel: SMALL BUSINESS SOLUTION CENTER
Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Djaspora Kap Voye Kaka ak Fatra

$
0
0

Ayisyen Ameriken nan New York e Florid pat ka tann yon okazyon parèy pou yo te pran lari, manifeste, chante, danse, fe djòlè ki moun yo ye. Bi « MANIFESNAVAL » sa te pou reponn Prezidan Trump. Ou konnen nou pap pa fè de ran. Manhattan Ble e Wouj, lara ap bay bon son, moun nap danse. Ta sanble se yon kanaval. Ayisyen ka joure Ayiti, men pa etranje. Ayisyen ka derespkete peyi yo chak jou, men pa etranje ? Pa bliye gen plizyè fason moun ka joure moun. Gen jouman ki fèt an silans, dèyè kay, sou tab, anba tab.

Bon pou jan anpil nan nou te aji uè, se ta di se yon « shotout » Trump bay Ayisyen. Ayiti se Twou Kaka daprè Trump. Micky mande ki jan misye fè konnen li pa janm vizite Ayiti, nan yon fòm envitasyon. Micky ka montre Trump bote Ayiti ki si natirèl, pou konvenk lòt nèg jòn nan ke Ayiti pa yon SHITHOLE.

Kounye a tout moun antre nan fe politik. Tout moun sanse vin politisyen. Sa kap jere afè pa yo, di yap pale pou peyi. Tout se ajanda pèsonèl ta sanble kap regle la. Jan Fr :. Anouce J, gade bagay la , « Gen neg la se pa zafe « shithole country » yap regle, se plis tet yo yap vann”. Lè Ayisyen te pran te sakaje Brooklyn Bridge la paske yo te bay Ayisyen etikèt sida a. Nan epòk sa pat gen rezo sosyo tankou facebook, Instagram, Twitter eksetera. Jounen jodi a, moun ka live sou Facebook gras ak teknoloji. “Anpil nèg ap pwofite fè vedèt ak deklarasyon Trump lan”, Anouce kontinye. Tout moun ap chèche views, tout moun bezwen anpil likes, bagay sipèsta nèt kap going on la.

 

Konbyen nan nou kap mache la, kap goumen lè vrè revolisyon an komanse ? Pa bliye, Fridom se pa jwe ou jwe pou sa, se goumen ou goumen pou li. Nenpot jan sa ye, Ayiti toujou fon jan pou’l fè buzz. Good news, bad news, tout se news, depi yap pale de nou. Bon, kisa mache pyafe, rara, kenbe sig ap fe? Lap fè Trump mande padon ? Lap fè Trump pèdi lajan? Fwa sa nap resi wè si vot nou an ap konte nan eleksyon pwochen. Si tout Ayisyen pa vote pou Trump e fè règ maji nan bouda Trump pou’l ka pèdi eleksyon an, menmsi se Oprah ki an fas li. Eske vot nou pa resi oganize. The Ballot or teh bullet? Nou tap byen fè listwa. Se la sèlman nou ka gen yon match, pa nan fè “manifesnaval”.

 

Saj yo manifeste nan lespri yo, e yo chèche solisyon. Gen sa ki ap pede itilize pawol Dr. Martin Luther King ki di fe silans se trayizon. Anpil nan nou tou pwofite mache sou règ sa. Men si ta gon batay epi pata gen yon plan, ou gen anpil chans pou’w pèdi batay sa, menmsi ou ou ta gen tout gwo lwa yo avek ou. Nap kanpe la.

Rodly Madeus

 

 

Facebooktwittergoogle_plus

Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Trending Articles