Quantcast
Channel: SMALL BUSINESS SOLUTION CENTER
Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Rezon Ti Jèn Ki Renmen Hip-hop dwe konn istwa Notorious BIG.

$
0
0

Gen anpil leson yon jenerasyon ipap ka aprann de bagay ki chanje game rap la. Yon trè bèl naratif ki gen aspè lanmou ladan’l, ki gen aspè lajan ladan’l, aspè la vie, lanmö, gloriye, konpetisyon ki chanje kous rap la oubyen sa nou ta dwe di HIP-HOP LA – Ipap La. Tankou Big te di’l : « more money more problem », ke nou ka tradwi – Plis Lajan Plis Pwoblèm. Pa bliye siksè toujou vini ak jalouzi, anvi, epi hèn. Plis ou fè sikse se plis wap wap fè enmi. Tout moun ta renmen se nan plas ou pou yo ta ye. Gen sa yo kap menm fè tout mayen pou lage’w atè, menmsi sa ta vle di pou’w mouri.

Tèlman gen leson nan istwa Biggie a, nenpot moun ki ta gen panse konn plis de Hiphop oubyen konsidere yon karyè nan domenn sa, ta dwe itidye bèl istwa sa. Istwa Biggie a, ap montre’w ki kijan yon amitye ka tounen la gè. 2 bon zanmi, Tupac ak Biggie, kite enèji deyò antre nan relasyon yo.  Suge Kniht ak Puffy, kòm  biznisman kite dèyè misye sa pat wè bagay yo menmjan, 2 ideoloji diferan. Suge se gangster li menm. Li here Labèl li Death Row an gangstè. Puffy menm te gen pi gwo rèv. Pou Suge, Pac se machin lajan’l. Pou Puff Biggie ATM li, men yon bon zanmi tou. Kèk kesyon nou ka mande ki te ka chanje naratif la. Kisa ki tap pase si Biggie ak Tupac pat janm vin zanmi? Kisa Biggie ak Tupac te ka akonpli ansanm si yo pat tire Tupac New York? Si madanm Biggie, Faith Evans pat aksepte al travay nan estidyo ak Tupac pandan mari’l Biggie te nan toune ? Imagine Biggie pat al California –  “I’m Going Back To Cali”.

Lè’w panse ak 24 an, ou wè yon jenn gason. Lè’w panse ak lavi Biggie, ou wè yon granmou pou bagay li te gentan akonpli nan ti vi kout li a. Li gen chans fe Selman 2 album — Ready To Die ( Pre Pou Mouri) – Life After Death “Lavi Apre Lanmo”. 2 album sa yo chanje Hip-hop. Se 2 klasik la. Si’w konn kisa ki yon klasik, ou konnen yon klasik son bagay ki pa gen dat ekspirasyon; lap toujou rete kòm yon referans bote e bon. Tankou diven plis li gen lake, se plis li vin pi bon. 2 album sa yo ka ede nenpòt jenn rapè ki gen anbisyon yon karyè nan Hip-hop.

Biggie te touche tout yon jenerasyon rapè. Atis tankou Nas, Jay-Z e Puff Daddy pa tap sa yo ye jodi a si se pat Biggie kite pouse yo, enspire yo, e tchalenj yo pou yo te ka fè plis efò. Biggie enspire jenerasyon rapè aprè yo e aprann yo ki sa pou yo fè kisa pou yo pa fè nan rap ganm nan. Talan misye fe Puff Daddy fe anpil lajan kom yon ekzekitif. Men Biggie te gen anpil entelijans pi plis ke laj li. Li te gentan gen plan kijan pou’l ta’l bos tet. Li te gentan devan tan’l nan etabli yon gwoup kite rele Junior Mafia, gwoup sa se moun kite zanmi’l avan’l te vin BIG. Li te pwomèt yo lap ede yo lè’l  te monte, e li te fe ekzakteman sa. Lil Cease, Lil Kim, ak Nino te manm gwoup sa.

Rankont Tupac ak Biggie fèt apre Tupac te fin tande chante « Party and Bullshit ». Tupac dekouvri yon vre talan menmjan avè’l. Li admire travay Biggie. Pac te gentan gwo atis, li te gentan gwo movie star, li kontre ak Biggie e genyen’l kòm yon zanmi. Tupac bay Biggie anpil game de endistri mizik la.

Imitye a te fin gate aprè yo te fin tire Tupac 5 fwa New York pandan li ta pral kontre ak Biggie nan yon Studio Manhanttan. 2 nèg kouri sou Pac ak zam pou friz li, yo tire misye 5 fwa men li pa mouri. Bagay sa vin mennen bif (beef) antre 2 rape yo. Ki pral eskalade aprè medya te kanpe la ap chofe bagay la. La nou ka wè ròl medya jwe nan livi de atis sa yo, ki menm kontribye nan lnmò yo. Si mesye sa yo pat janm zanmi, petèt se pa konsa Biggie ak Tupac ta mouri. Men, nou ka gade yo kom 2 Jezi ki te vin sakrifye vi yo pou Hip-hop la ka ye sa’l ye jodi a. Se konsa pou sa te pase. 2 jèn sa yo chanje tout yon jenerasyon e jenerasyon Hip-hop e sa yo kap vini. Lavi yo trè brèf, men enpak yo ap rete pou jiskaske Hip-hop ekziste.

Kòm nou konnen, pa gen yon bon istwa san yon pati lanmou ladan’l. Faith montre yon pati mou nan Biggie. Love pat bay Biggie chans, kite marye pa twò lontan aprè li te rankontre Faith ki se yon atis tou; li chante R&B byen. Gade Jay Z ak Beyoncé, wa konprann. Yon bèl krimel ki konn chante, ki marye ak yon nèg ki ke anpil konsidere Lèd. Faith montre konfidans Biggie ki pat gade tèt li bo gason pase sa, men ki gen talan e konn abiye,  “Ugly as ever”, “led pou lavi”, li dekrive tet li. Men bèl fanm sa te renmen misye e te trouve misye ki te men gwose sa a sexy. Tupac itilize Faith pou fè bif la pran lòt dimansyon. Tupac di li kouche Faith nan yon mizik ki fè kesyone Biggie kòm yon Gaston. Faith di Biggie se pat vre le Biggie te konfronte’l, men Faith pat dwe dakò al travay ak enmi mari. Faith, Tupac, e Bondye sèlman ki konnen verite a. Tupac se nèg ki te ka fè koze sa jus pou vann CD. Sak Konnen !

Tupac vin mouri aprè yon ti tan li lage yon klasik li – All Eyez On Me, kite gen lad’n’l, yon track ki titre: Hit ‘Em Up, kote li joure Biggie di ke li koupe Faith. Lanmò Tupac choke tout mond la sitèlman misye te gen yon vwa pwisan. Gen moun ki menm panse se Biggie ak Puffy ki peye pou tire Tupac, men gen lòt bagay Pac te antre tèt li nan eseye pwouve li real, ki ka lakòz lanmo’l. Gen twòp teori sou lanmòTupac, se Bondye ak moun ki tiye ‘l yo  sèl ki konnen.  Sak Konnen !!!

Tupac te mouri, men bif la te toujou la. Beef la te vin tounen yon zòn kont yon lòt zòn – Eeast VS. West; New York kont California. Aprè lanmò Pac, Biggie ta pral lage dezye’m album li ki se – Life After Death. Kèlke jou avan album nan soti, Biggie al California pou pwomote nouvo album nan kite gen yon mizik sou li ki tire “I’m Going Back To Cali”, rapè a ale Cali e li pa rentounen vivan. Pandan’l kanpe anba yon limye wouj, yon lòt machin vin kanpe bò kote’l e krible’l ak bal. Li mouri yon ti tan aprè sa, 6 mwa sèlman aprè lanmò Tupac.

Biggie mouri depi an 94, pou jouk jounen jodi, pa gen yon jou ki pase pou yo pa site non’l, jwe mizik li. Li menm ak Tupac menmjan. Misye sa yo te gen sak rele vre talan natirel la. Yo fè siksè ak laj trè jèn. Mesye sa yo ka pa la an fizik, men yo imòtèl. Travay yo nan ipap imòtèl. Non yo ap toujou sonnen klòch. Jodi a fè 24 tran depi Biggie kite nou, men jan’l te titre album li – Liife After Death, Biggie fèk komanse viv.

 

Rodly “Oz’mosis” Madeus

 

Facebooktwittergoogle_plus

Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Trending Articles