Sport son bagay ki gen anpil enpotans li nan la vi nou. Akoz de sport, nou konnekte ak yonn lot. Enpak sport fe nan vin nou, sigjere nou pa ka viv san sport. Nou pa ta ka viv si pat gen sport. Nou tout gen nosyon konpetisyon nan nou. Si gen yon atlet ki te fe plis enpak nan mond la, li rele Muhammad Ali, yon Muslim ki te chanje non’l. Avan li te konveti, non’l se te Cassius Clay. Yon gwo bokse Ameriken nwa tout mond la konnen The Greatest Of All Time (GOAT), Meye Pou Tout Tan. Li mouri maten an nan yon lopital Pheonix, a 74 an, 1942 – 2016. Li te gen plis ke 32 an ap goumen aka yon maladi ki rele “Parkinson Deasease”, Champ la montre li son GOAT vre pou jan li goumen ak maladi sa, sa eksplike vre ki jan ou paka sou estime ke yon chanpyon.
Ali te sa’l ye, fe enpak sa li fe sou tout moud la, paske li se yon fighter kip a goumen selman nan ring nan. Li te goumen tout kote pou tout moun. Li te goumen kont enjistis ki ekziste nan sosyete a nan Etazini. Si’w aprann istwa Ali byen, wap we kijan li te goumen men ak bouch li; men se pa nenpot jan non, li konn pale, e li konn istwa’l, li komik, li enteresan. Li te goumen pou koz nwa tou Etazini. Nou paka pale de civil rights nan Amerika, san pou pa mansyone Ali kote Malcomlm X e Martin Luther King Jr. Opinyon’l e pozisyon’l nan ge Vyetnanm nan te yon bagay inoubliyab, li te aksept al nan prizon le yo te vle voye’l nan ge. Li te di li pa pral goumen ak moun ki sanble menmjan ave’l, moun ki anba menm men kolon an. Li te di ge sa pat ge moun nwa, li te oblije aksete fe plizye ane nan prizon tan pou’l tal nan goumen. Li son fighter vre men pyes moun paka fe Ali goumen nan nenpot kondisyon.
Tout gwo atis, tout gwo atlet, menm Obama pale de Ali nan jou tris sa. Sak sonje kek pawol seleb li te di. Sak pataje foto kote Ali ap knockout lot gwo bokse, kote li te an Afrik, kote lap fe moun ri. Ali te gen yon bon pesonalite. Li te gen anpil karizma, li gen anpil swag. Premye atlet ki te vann tet li kom yon selebrie. Jwe basket toukou Lebron James, sak fe Ali gen tout enpak sa yo, se jan’l te bagay nan ring nan, men pito jan’l te goumen deyo ring nan. Atis ka we, ki jan yon fe enpak sou men moun si yon itilize tanlan yo, si yo pa mete limitasyon sou tet yo, si yo kwe.
R.I.P Ali GOAT.
HMI Buzz
The post Iconic Boxer Muhammad Ali Mouri A 74 (1942 – 2016). appeared first on HMIBUZZ.COM.