“M’vin pouse do’n, piske pyes moun paka ‘n fe mieux”, Ed Daliriks rap nan nouvo diss track — Game Over, yon track ki shoute sou P-Jay, Fantom, Izolan, Wendyy, Trouble Boy, Dug G, Baky and Roodroodboy. Li gen lig ki taget chak atis sa yo. Daliriks pa site non men si’w tande byen, wap remake li jwe ak mo moun rekonet rape sa yo.
Ed Daliriks akize tout MC nou site yo ap fe “kaka rap”. MC a ta sanble friste ak jan de “rap fatra” neg yo ap fe, e fe panse mizik sa yo ap tiye rap la. Pou li menm game nan bezwen Ed (ed). Dug G ka eseye konprann pa gen “Pi Wo” san Ed; Baky Popile pa a rap sa??
Ki yes kap rap pou Jordan e manman’l ak boya a menm? An’n tande toujou, pou nou eseye klarifye. Ed ta sanble eseye konsyantize neg yo pou fe pi bon mizik pou rap la pa mouri. Nap gande ki yes ki pral reponn.
Sou P- Jay, li rap: “Sa kap konfonn Punchline jeu de mots ak pwezi wack/ enbesil tan pou fe vale tet li, gen foli Jay-Z rap”.
Pou Izolan, Ed Daliriks rap — “Koman’m we’w?/Nigga m’ we’w sot/ pou respe ak one Hip-hop fo’w ta stop/ pwodwi rap fatra”. Roodyroodboy men’m Ed frape’l ak yon M16 flow, “Yo, pou mwen se rap or die/ nan cheche hit se dekoutan pou’w al fe raboday/ tankou enmfama nan geto, k’fe kob sou rapo’l bay”.
Wendyy menm, Ed di “m tande gen King, pou mwen son bayakou kap bat kol bway”. Neg yo ap fe MechansT nan “copy and paste”, selon de Ed Daliriks.
Espri nivo konpetisyon reyelman ba nan game nan. Le pa gen konpetisyon konsa, nen game nan fret kon nen chen. Men rape yo vin two sansib tout, len pe bay opinyon yo paske neg yo toujou nan filing yo, yo tou pret pou fache le yo ba yo yon ti challenge.
Pou nou pote yon ti kritik, atis sa yo ke Ed ap diss yo, pi fo nan yo se yo ki kenbe game nan la pou yon bon moman, si se pat yo, Game nan tap Over for real. Wendyy, Fantom, Baky, Roodyroodboy tout ede kenbe game nan. Ed Daliriks gen pou’l travay, fe hit, paske san hit fanatik yo pap janm ka pran’l serye. Ed dwe gade yon atis tankou Cassidy, li gen bars pou yon jounen, li ka di li ka rap pase tout MC ki nan game nan, men nimero pa bay manti. Jay-Z di nou deja that”men lie, women lie, but numbers don’t lie.
Nou pa kwe mizik sa ap fe anpil buzz paske gen kek eleman li manke. Li te ka pi kaptivan; te ka gen plis pati ladan’l ki memorab. Hook la, two senp e preske pa di anyen ki enteresan, yon bagay ki te ka ede fe yon deba.
check out the lyrics:
Chak track an plis ap DETWI RAP
Rapè ap kopye Mister Bean ak DEZIRAB
Sakap konfonn Punchline Jeu de mots ak PWEZI WACK
enbesil tan pou fè valè tèt li
gen Foli JAYZ RAP anh
yap Fe Kaka
Mw kanpan MESSI BLACK
Siw pansew ka Pi wo san bezwen Ed
wap RESI BA wohw
Apèn si , msou 4 emcee
k’sou tab mwen G mpa resi
Apeze APETI a… Word Up!!!
Komanm wèw ?
Nigga m’wew sòt
Pou respè ak onè HipHop
nigga fòw stop
Produit Fatra
pran publik la pou CNE
Mvin pouse do n’
Piske pyes moun pa ka pouse n’ fè mieux
you Get it?
Yap fè Mechanste
Nan pede CopyPast….Anh
Genyenk rive vòlè mizik
Bobby Last ONE
Tout yon Popilace
avem kèm pa ka sote
Di yo USA gen WuTang
isi gen Bakaloke
Hook
Game Over 4x
Yon bann timoun a bab ki tap jwe yo Game Over 2x
Game Over 4x
Yon bann timoun a bab ki tap jwe yo Game Over 2x
Verse 2
Yo !! pou mwen se
Rap Or Die
Nan chache Hit
Sa DEGOUTAN pouw al fe Rabòday
Tankou enmfama nan geto
K’fè kob sou Rapò l’Bay
Popilè ou pa Rap sa a
J’en ai le Raz l’bol ahhhhhhh
Ride Or Die
map fight all night
poum jere Joum leve poum devye tout
Nan Trap PLOT la
Mtande gen King
Pou mwen son bayakou kap bat kòl Bway
Rap back com dab
life Hard sometimes
mete Grenn
Respè pou met vil lan
mwen kitem jere inivèm
mrete inik frem
mtande pou Hit wap bese pipi neg
Twop Trouble !!!
Boy jere vwazin’ map jere nasyon an
Big Up Max Fly ki te dekouvri
pi gwo Wont jenerasyon an
EN passan mkonn papa rap
di lot la l’te pran kout pitit
Dayè mtap gentan gwos manmanl avan
Sil te nan goum piti
Relaxxx
ye Relaxxxx
mpral pete tenpan tankon beat Box….
Hook
Game Over 4x
Yon bann timoun a bab ki tap jwe yo Game Over 2x
Game Over 4x
Yon bann timoun a bab ki tap jwe yo Game Over 2x
Verse 3
M’tandew Fuck menm Bitch ak Fofo
Rap se Bitch pam poutan devanl ou kanpan koyo
Cogno, wap rap pou Jordan manmanw a boyo
Wawoyo devan bann wap diw se gang poutanw pè cho yow
Wfek Cho So
Get Back
Rap fenk resisite
Avem so mchoke kek wack
Ak kek bar
Mfe yo santi pa gen Tetelang
Siw mazora sispann
Repete moun wap rete dan
Jere tanm
Mpa baze ak chen Poum pa pran pis
M’ met pwezi de Kote pou denonse n’
Poum pa konplis
Nan Kraze Rap
Fè tout fo Dj pran kraze Rak
Underground leve kanpe
Nou revolte pou chase Wack
Nou plase ba a
Wo si ou reponn Konnenw gen grenn
Mkonnenw byen jwenn
Sa nou pa kwaze mkonnenw plenyen
Asasin pè san
Si pa gen kriye konnen gen blofè
Si Rap kreyol te gn game apre Trak sa
Li tou Game Over
Hook
Game Over 4x
Yon bann timoun a bab ki tap jwe yo Game Over 2x
Game Over 4x
Yon bann timoun a bab ki tap jwe yo Game Over 2x
![www.facebook.com/theHMIbuzz Facebook]()
![https://plus.google.com/114474885162515367220/posts google_plus]()
The post Ed Daliriks Diss P Jay, Fantom, Wendy, and Dug G appeared first on HMIBUZZ.COM.