Quantcast
Channel: SMALL BUSINESS SOLUTION CENTER
Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

BIC Tizon Di HMI Buzz Sou Ki Wout Ayiti Ye – Nan Interview Sa.

$
0
0

 

Nou sonje moman kanaval moun tap tann djazz ak atis pou pale pou yo, di sa yo pa nan pozisyon pou di. « Eske sa se Ayiti jan’l dwe ye ? » Yon trè bèl kesyon kanaval BIC — Ayiti Sou Wout Li Pa Ta Dwe Ye. Pa bliye ròl yon atis se pentire sa’l wè kap pase devan je’l, sa kap pase nan sosyete lap viv la. Travay yon atis dwe reflekte entasyon pesonel li, sa’l ta vle wè. BIC Tizon Dife lage kanaval gen gen pi bon mesaj pou ane kanaval sa. Li touche pifò sijè ki pi enpotan yo. « Mwen toujou gen je m brake sou pwoblèm peyi m, men nan on sèl mizik oubyen on sèl kanaval ou paka pale de tout pwoblèm Ayiti  an pwofondè. Men pou ane sa a , m trè satisfè de sa m manyen yo », BIC di HMI Buzz.

BIC komanse kanaval la ak remesiman pou dirijan Ayiti e pou jan Ayiti vin twouve’l. « Mesi pou ti sourit yo ki enpeche’m domi yo/ majistra yo mesi », li chante. Si majistra yo te fè travay yo pou vil yo te ka ret pqòp, pat gen fatra nan figi moun, sourit ak rat ta ret nan rak. Kijan sa nomal pou yon ti moun ka achte aigarèt ak alkòl? « M paka fè 100 mèt sanm pa wè fatra. San m pa wè moun k ap viv ak bèt.San m pa wè on adolesan ki gen tafia ak sigarèt. San m pa wè mèt boutik ki mete mizik byen fò.Sanm pa wè jenn nan Tisourit chak jou. Ect… donk nou pa sou bon wout », BIC te ajoute.

Defens nasyonal ki akseptetout fatra antre Ayiti. Pwodiksyon nasyonal ki pa gen moun ki pou goumen pou li. Atis la di tout sektè sa yo mesi nan yon sans sakastik, sitou le’l antre ak « sòs pye poul, zèl kodenn sou tèt diri plastik yo ».

« Èv map kreye yo, se de èv k ap gen plis sans yo  lè m pa la ankò donk mpa pè lè peyi a pa tou ko prann yo byen vit. Se pousa antretan m plis fè kòb pou m viv aletranje poum pa egri lèm wè se medyokrite ki pote lamayòl la », BIC te nou.

Se pa sou wout sa Ayiti ta dwe ye toujou, pou se nan pase mizè pou leta bay yon pwès idantite. « Nou fatige pase mize nan fatra pou nou bay pitit nou manje ». Panse ak lig sa, panse ak fatra leta sitire nan yon peyi. Mou ap manje fatra, domi leve nan fatra. « Eske sa se Ayiti jan’l dwe ye », Tizon kesyone. « Non », koral la reponn. Sou keyson jan Kanaval Ayiti vin politize, li te gen sa pou’l di : « M pa manyen jan kanaval la vini politize dirèkteman men m pale ak yon bann atis betizè ki kite politik retire misyon yo nan men yo. » Li pwofite manyen atis yo, « Wi atis yo konn wòl yo, paske lè w atis se kè w ki dikte w wòl ou men gen kèk atis Ayisyen ki kite se vant yo ki mennen yo olye se kè yo.Yap chante pou diri ak sòs ak move glwa. » Menm Michel Martelly jwenn kesyon.

Gen yon karakte ki rele Ti Roro ki nan kanaval la kap fè antre soti ak BIC sou merengue nan. Yo menm tour mande Sweet Micky kek question. “Sim te gen repons sou poukisa li pat ankadre nou lèl te prezidan, mwen ak Tiroro pa tap repoze kesyon an an nan kanaval la », li di.

« Se Cinthia Michele ki chante kanaval la avèm epi Tiroro ki foure kòl tou », BIC di sou atis ki sou kanaval la.

«  Mwen panse Ayiti soufri malnitrisyon mantal. Li ka gwo nan kò mrn li pa granmoun nan lespri », BIC dekri kondisyon Ayiti e sou ki wout li ye. BIC sirèkteman deklare ke peyi Ayiti pa sou yon bon wout. Li sou yon move wout dapre li menm. BIC konsyantize tout sosyete Ayisyen an ak kanaval sa – Ayiti Sou Yon Wout Li Pa Ta Dwe Ye.

Pou aprè kanaval la, BIC ap kontinye preche mesaj la. « Aprè kanaval la BIC ap kontinye travay poul soti 2 albom ane sa a .Youn ak yon atis ki rele Singe Blanc ki soti site solèy. Albòm nan ap rele: *Site solèy ak dèlam* Loy la se pwochen albom pam nan », li te reponn ak sa moun yo ka atann aprè kanaval.

Rodly Madeus

Facebooktwittergoogle_plus

Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Trending Articles