Quantcast
Channel: SMALL BUSINESS SOLUTION CENTER
Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Baky – Wan Danje (Short Film feat. Carel Pedre)

$
0
0

Baky Popilè lage Wan Danje — premye video ofisyèl sou dezyè’m album li ki gen pou soti ke nou pa gon dat presize. Video a lage a miwi yèswa, ki te pran nou pa sipriz. Baky gen kèk jou lap bay tiz ak video a, men nou pat jwenn memo a ki te di lap soti yèswa nan lè sa. Kòm jounen jodi a ak pouvwa anpil atis panse yo gen nan pwent dwèt yo, ak numiro followers yo genyen sou rezo sosyo, nou ka atann ak jan de sipriz sa yo. Men menm nan Endistri Mizik Ameriken an, atis pap pran chans lage yon video a minwi nan yon Dimanch oubyen nou ka di Lendi mati.

Si pou’n ta analize Wan Danje, nou ka wè Baky ap eksperimante. Baky plis vize komès ak Wan Danje, kote beat la ak hook mizik la se pou ankouraje danse. Teks  mizik la pa twò pwofon jan moun konn atann de Baky ki toujou pran fyète nan ekri bars entèlijan. Men evolisyon game nan mande pou atis ki vle rete on top komèsyalize materyo yo. Menmjan ak Dekontwole Wendyy a, beat Wan Danje pi domine sou mizik la. Mizik la definitivman ap jwenn love nan men dj, li ka pa fè menm enpak Dekontwole fè sou mache a.

Video a son bèl  Short film ke popilè direktè Cigey reyalize. Script la byen ekri, e Baky byen act nan film nan. Video son gwo kokennchen travay, e li evidan gen anpil planifikasyon ak travay di pou reyalize bèl travay sa. Nou ka di Baky dwe komanse travay sou karyè acting li paske misye gen talan pou sa. Carel Pedre jwe nan film nan tou e fè afè pal. Video a sa pral sou anpil chèn Ayiti e anpil  bredjenn pral fè foli pou li.

Wan Danje son bon track pou premwe single. Nap tann album nan pou nou wè si Baky ap delivre yon lot klasik toukou Fòs Yon Black.

Baky - Wan Danje Official video/short film.

Baky – Wan Danje Official video/short film.

Facebooktwittergoogle_plus

The post Baky – Wan Danje (Short Film feat. Carel Pedre) appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Trending Articles