Quantcast
Channel: SMALL BUSINESS SOLUTION CENTER
Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Oz’mosis Sou Fantom vs. Wendyy Beef

$
0
0

Depi an kòmansman, Hip-hop te toujou agresif e konpetitif. Te toujou gen konpetisyon antre MC; sak tap di yo pi bon ke lòt. Fantom vs. Wendyy beef ka yon beef enteresan si mesye yo antre nan studio lege kek diss track. Haitian Hip-hop beef ki ka enteresan. Ki yès ladan yo kap fè premye pa, lage premye ba?

Denye fwa Haitian Hip-hop beef te jwenn yon bon track te yon beef se te lè Level te tonbe. Yon track kote Wendyy ak Baky vs. P-Jay te kreye anpil eksitasyon. Level te sou gwo rotasyon chak jou pou plis ke yon mwa. Tout le twa mesye yo te lage kèk bon ba atè. Sa’w Ko We La pat dirik ase. Fok ta gen track kote neg yo adrese youn lot direk.

Gen beef ki rete beef istorik. Beef tankou Tupac vs. Biggie, N.W.A vs. Ice Cube, rive sou 50 Cent v. Ja Rule, pran Jay-Z vs. Nas, tout beef sa yo make Hip-hop pou lavi. Nan Kreyol Hip-hop beef Rocfam vs. Barikad Crew ap toujou rete kòm yon nan pi gwo beef.

Nan yon show Canada ki te afiche Fantom vs. Wendyyy, bagay yo pat pase byen pou Wendyy. Wendyy te jwenn difikilte pou’l te pèfòme; anpil moun nan odyans la, tap “boo” atis la, pat vle kite’l pèfòme e son an pat bon pou Wendyy. “Ti sa ou te voye vin fè ti bri pou anpechem jwe”, Wendyy te akize Fantom.

Kòm se sou rezo sosyo anpil atis jere beef kounyè a, tou lè de misye yo ilize Facebook yo pou adrese beef la. Wendyy te lage yon freestyle akapela, kote’l te di Fantom son vyeyès. Fantom menn nan te fon ti live video sou Facebook, kote li pa menm vle adress bagay la dirèk, men di li pap jwe ak Wendyy jamè ankò.

Beef ap rete yon eleman kap toujou nan Hip-hop. Nou ka ale pi lwen pou nou di si pa gen beef nan nan rap, game nan pa enteresan. Beef toujou mennen anpil chalè nan mouvman an. Beef bon tout otan pa ben vyolans ladan’l e tout bagay rete sou track.

 

Fantom Wendyy

Fanton vs. Wendyy beef. HMI Buzz.

Facebooktwittergoogle_plus

The post Oz’mosis Sou Fantom vs. Wendyy Beef appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 211

Trending Articles